Saturday, February 20, 2010

Rebati Souple

Hertz Clyde Dézir

Nan jou sa yo, anpil moun ap pale vire tounen sou rekonstwi peyi dayiti apre tranblemann tè a te fè anpil dezas pa rapò a kantite moun ki te mouri, kay ki te kraze ak yon bann lòt detay. Afè rekonstwi a nesesè anpil pou chak grenn moun ki te pèdi kay yo e pou tout lòt jan ki mande rekonstiksyon. Pou repare dega yo, sa mande anpil lajan ke peyi a pa genyen a dispozisyonl ; san lajan on moun pa menm bezwen ap pale de rekonstriksyon. Dayè Bank Mondyal ou byen Bank Ameriken pou Devlopman estime tout dega yo a anviwon 14 milya dola ameriken; se pa yon bagay piti ditou. Egal la, pou rebati peyi a bezwen depanse plis kòb ke valè lajan ki estime pou dega ki te fèt yo.

Ansyen kolonèl lame Dayiti, Himler Rébu, pwopoze pou rebatisman ta komanse nan vil pwovens yo anvan Pòtoprens ta rebati. Mesye Rébu esplike an lon e an laj avantaj ki genyen dèyè pwopozisyonl nan. An pasan, li presize tou janl enpotan pou vil Okap ta gen priorite yon fason pou devlope afè touris nan rejyon nò peyi a an plis de devlopman nan lòt sans ki ka rive fèt tou an menm tan.

Pwopozisyon mesye Rébu a pa yon pawòl levanjil, men li fè anpil sans, li klè, li konvenkan e li pa depaman avèk desantralizasyon ki poko janm fèt nan peyi a jouk kounya a. An reyalite pou egzekite pwopozisyon sa a, fò gen anpil lajan; moun pa bezwen bay tèt yo manti sou sa, men li vo lapen. Alò se pa pwopozisyon sa a sèlman kap koute lajan ; an jeneral, nenpòt pwopozisyon an ap koute gwo lajan pou jan bagay yo ye kounya a.

Pandan plan ap fèt pou rekonstriksyon, pa bliye Ti Gwav; se pa selman Ti Gwav non pou yo pa bliye. Ki donk sonje tout kote ki te pran gwo frap yo tankou Léogane, Gran Gwav, Gresye, Jakmel, Miragoane ak tout lot kote ki bezwen rebati apre gwo dezas la.

Pou rebati Ti Gwav, pa egzanp, li nesesè pou tout seksyon riral li yo jwenn atansyon ; si se sèlman vil la ki jwenn tout resous yo, sa pa vle di se tout ti Gwav ki rebati pou sa. On moun ta sezi we ke vil la kapab pa menm reprezante 10 pousan de tout 12 seksyon riral Ti Gwav la an tèm de espas fizik.

Gen imaj apre tranblemann tè a ki te moutre gen kote nan lari a ki fann men lajè apa de kay prive e kay piblik ki te kraze yo. Egal la, zòn Ti Gwav la bezwen yon gwo reparasyon poul ka rekanpe pi solid ke janl te ye anvan treblemann tè ki te rive an janvye a. Li pa ta bon pou twòp tan pase pou rekonstrikyon yo komanse ; plis tan ki pase se plis bagay yo pral konplike. Jan reyalite a ye kounya a si pa gen dilijans ki fèt, pi ta ka pi tris ; moun Ti Gwav pa bezwen rive nan pwen sa, e sa valab pou tout lot kote yo tou.

No comments:

Post a Comment