Sunday, May 17, 2009

Ayisyen, Sonje Senbòl ki Asosye a Drapo a

Hertz Clyde Dézir

Tradisyonèlman plizyè million ayisyen fete drapo peyi a chak 18 me. Sa rive tou gen moun ki sèlman sonje 18 me se fèt drapo, men yo pa enterese fete tankou moun ki patriyotik anpil. Lidé yo pa di yo ; yo pa sou sa. Pa gen yon bagay valab ki motive yo pou yo selebre. E poutan moun sa yo byen renmen peyi pa yo a.

Ayisyen ki konn istwa endepandans peyi’l ap jwenn motivasyon pou’l fete drapo de koulè nou an. Moun sa ap tou konnen kichòy ki gen a wè a rasìn drapo a depi an 1803. Non sèlman w'ap jwenn motivasyon, w'ap konnen tou sa drapo a senbolize.

Tou dabò, drapo senbolize endepandans. Endepandans anba dominasyon e eksplwatasyon fransè ki t'ap kòche peyi a nan tout fason yo te kapab. Senbòl endepandans lan mache tou avèk detèminasyon pou batay rèd e menm fè fas a lanmò si lanmò vini. Senbòl endepandans lan se yon gwo zafè; pa gen jwèt nan sa.

Men yon lòt senbòl:inite. Zansèt nou yo te anvizaje sa e yo te di sa byen klè. General Jan Jak Desalìn, Aleksann Petyon avèk anpil lòt zansèt te vle pou nwa ak milat ini tout bon. Si yo pat ini, yo t'ap echwe; egal fransè yo t'ap chanpyon. Lè Ayisyen te mete tèt ansanm kont fransè, yo te fè la Frans sa David te fè Golyat la. Viktwa sa fè batay Vètyè a tache nan lespri anpil Ayisyen avèk fyète.

Nan menm drapo ble e wouj nou an, chak fwa ou gade'l tou pre w'ap wè yon mesaj ki te sou moun le zansèt yo t'ap batay pou libète. Linyon fè nou gen fòs. Se byen domaj slogan sa a pa sou moun ankò. An nou detere slogan sa a pou'n wè si sa pap fè yon diferans. Li pap fè mirak, men l'ap fè yon diferans; yon gwo diferans. Alò depi kounya a menm kòmase detere nanm slogan sa a.

Pi bliye drapo a se senbòl identite tout ayisyen nenpòt kote y'ap viv sou latè, kit yo gen doub nasyonalite ou byen yo toujou kenbe nasyonalite natif natal la. Pa janm bliye senbòl ki asosye a drapo a. Non sèlman sa, pa janm bliye Katrìn Flon ki te koud drapo a lè nou te posede yon drapo pou premye fwa an 1803.

No comments:

Post a Comment