De jou an jou Ayiti ap fè fas ak plis kriz, sitou apre trajedi lekol nan Pétionville ki sot pase vandredi 7 novanm nan. Dlo te prèske kouri nan jem lèm tap tande yon repòtaj konsènan ensidan an sou yon radio nan kapital la. Menm moman an, on sèl tèt fè mal te pranm; kèm tap dechire, kèm te fèm mal pase sam pa konnen. Pandan map tape la a, dwèt map tranble, kòm ap tresayi.
Mpa enterese blame pyès moun pou ensidan saa malgre gen anpil moun e anpil enstans ki merite repwòch. Blame pap rezoud pwoblèm fanmi viktim yo, e repwòch pap debouche sou okenn mirak.
Tout Ayisyen konsène nan byen nèt peyi a e tout sitwayen peyi - kit wap viv nan peyi ou pa. Anpil moun konn sa trè byen, men podjab se pa anpil moun ki mete men nan pat la.
On gwo kout chapo pou David Chérie ki bay egzanp jan li gen kè sansib pa mwayen bous etid li ofri a elèv e etidyan ki chape anba kakastwòf lekòl evanjelik La Promesse la. Men yon ayisyen konsène! Mwen rele sa yon bon egzanp espwa san politik pa ladanl.
Wednesday, November 12, 2008
Subscribe to:
Post Comments (Atom)
No comments:
Post a Comment