Wednesday, May 2, 2012

Lè Bondye Fin Reponn Priyè ...

Hertz Clyde Dézir
Bondye te reponn priyè Ana lè Ana te priye pou mande Bondye yon pitit gason. Sa Bondye te fè pou dam sa a te vle di anpil bagay paske non sèlman l pa t ka fè pitit men matlòt li t ap pede moke l.


Ana pa t engra devan Bondye apre Bondye te fin reponn priyè l, e li pa t bliye ve l te fè a Bondye non plis. Ou konn rès istwa a.

Alò pou manifeste kontantman l, Ana te di kèk bè pawòl pou temwaye sa Bondye te fè pou li. Men ti moso nan sa Ana te di :

Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.

Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.

Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay…

Fanm ki pa t' ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen…  (1 Samyèl 2:1-5)

Dapre egzanp Ana bay nan pasaj sa a, lè Bondye fin reponn priyè yon moun, li bon pou moun sa a tounen vin di Bondye mèsi avèk yon kè ranpli ak rekonesans.

No comments:

Post a Comment