Monday, December 27, 2010

Ayisyen Konn sa'k Rele Soufrans

Hertz Clyde Dezir

Soufrans pa dous! Nan ane 2010 la a anpil moun te mouri e sibi gwo soufrans ann Ayiti le gwo tranblemann te te pase e fe gwo dega nan peyi a. Plis pase 11 mwa apre, gen anpil pawol ki kapab di toujou sou dezas sa a. Pale se youn, men souvni ki rete lakay ayisyen se gwo koze, sitou le yo sonje jan yo te chape anba lanmo.

An reyalite, moun ki te chape anba lanmo pat fin chape net paske majorite nan yo t'ap soufri nan ko fizik yo, san konte dives lot kalte soufrans ki tap ravaje yo.

Pep ayisyen konn sa'k rele soufrans; men san manti pa ladan'l yo pa renmen soufrans menm si li ta sanble ke yo pran plezi nan soufrans. Non, non, non mezanmi! Moun pa bezwen met sa nan tet yo. Okontre, ayisyen bouke avek reyalite soufrans lan.

Le moun ap reflechi sou soufrans ayisyen, li nesese pou yo konprann ke peyi Dayiti konplike anpil; ki donk pep ayisyen se yon pep ki konpleks menm jan ak peyi a.

Koman pou pep sa a rive libere anba soufrans? Pa gen yon grenn moun ki ka reponn kesyon sa a pou kont li. Non selman yon grenn moun pa ka rezoud pwoblem sa a, yon gouvenman ou byen oganizasyon non gouvenmantal pa kapab non plis. Mete sou sa, plizye milya dola ou byen plizye milia ewo pap bay solisyon si lajan sa a se yon lajan ki annik depanse nan peyi a jan sa abitye fet.

Bondye ki gen pouvwa pou libere l0m anba peche kapab libere pep ayisyen tou anba soufrans. Kit ou dako ou pa, lom pou kont yo pa kapab. Donk Bondye gen solisyon an; daye pa gen anyen ki enposib pou Li. Anyen!

An reyalite Bondye pa'p vini an peson, men li kapab itilize ayisyen menm pou fe sa. Se pa yon bon maten konsa moun ap rete gade e we peyi a soti anba soufrans. Men ayisyen ki gen volonte e kapasite gen pou retire peyi nan sa'l ye la a avek ed Bondye dabo. Natirelman, kominote entenasyonal ansanm ak ONG yo kapab toujou ede, men sa bezwen fet yon lot fason; jan bagay la ye kounya a, gen twop briganday ak koripsyon. Sa pa mache, peyi ya fe twop bak.